Friday, November 11, 2011

Ti bout

Ti bout (pronounced tee-boot) small amount, little

Yon ti bout tan.
A short amount of time.

Yon ti bout pen.
A small piece of bread.

Yon ti bout bwa
A small piece of wood.

Li ekri m sou yon ti bout papye.
He wrote to me on a tiny piece of paper.

Other Creole synonyms for ti bout are:  ti kal, ti kras, ti zing, ti zong, t moso, ti zwit


Tiny → tou piti, tou piti piti

yon ti chèz tou piti
a tiny chair

yon ti kay tou piti
a tiny house

I paid her a lot of money and she gave a tiny amount of food.
Mwen peye anpil lajan epi li ban mwen yon ti manje tou piti.

She was screaming when she saw the bug.  When I looked, it was a very tiny ant.
Li t'ap rele lè li wè bèt la.  Lè m gade, se te yon fomi tou piti piti.


Small → ti (before noun), piti (place after noun and everywhere else)

I need a small car.
Mwen bezwen yon ti machin.
or
Mwen bezen yon machin tou piti.

This is a small thank you.
Sa se yon ti remèsiman.

She lives on a small island.
Li rete nan yon ti zile.

I only told a small lie.
Mwen sèlman bay yon ti manti.

The fire started small.
Dife a te koumanse tou piti.

I can't wear that skirt. It's too small.
Mwen paka mete jip sa.  Li twò piti.
Don't say: 
Mwen paka mete jip sa.  Li twò ti.

More on Ti vs Piti

No comments:

Post a Comment