Tuesday, June 5, 2012

Debloke m pou yo we

Debloke → to unblock, to clear out, to free, to unburden, to unclog, to release (funds)

Debloke mwen, debloke mwen
Debloke mwen pou yo wè
Pou mechan yo temwaye se Jezi k’ konn debloke .

Kase chenn nan, Kase chenn nan
Kase chenn nan pou yo wè
Kase chenn nan pou yo wè, se Jezi k’ konn kase chenn

Pete kòd la, pete kòd la
Pete kòd la pou yo wè
Pete kòd la pou yo wè se Jezi konn pete kòd

Debloke mwen, debloke mwen
Debloke mwen pou yo wè
Pou mechan yo temwaye se Jezi k’ konn debloke .

Woule wòch la, woule wòch la
Woule wòch la pou yo wè
Woule wòch la pou yo wè se Jezi k’ konn woule wòch.

Kase chenn nan, Kase chenn nan
Kase chenn nan pou yo wè
Kase chenn nan pou yow è, se Jezi k’ konn kase chenn

Debloke mwen, debloke mwen
Debloke mwen pou yo wè
Pou mechan yo temwaye se Jezi k’ konn debloke .

Pou dyab rasyal yo temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou moun ki pa vle wè m yo temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou Bawon Samdi ka temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou dyab rasyal yo temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou Bawon lakwa ka temwaye
Se Jezi k’ konn debloke
Pou Lisifè ka temwaye
Se Jezi k’ konn debloke

Woule wòch la, woule wòch la
Woule wòch la pou yo wè
Woule wòch la pou yo wè se Jezi k’ konn woule wòch

Kase chenn nan, Kase chenn nan
Kase chenn nan pou yo wè
Kase chenn nan pou yo wè, se Jezi k’ konn kase chenn

Pou Ti Jan petro ka temwaye
Se Jezi konn kase chenn
Pou Bawon Samdi ka temwaye
Se Jezi konn kase chenn
Pou Ezili Freda ka temwaye
Se Jezi konn kase chenn
Pou mechan yo temwaye
Se Jezi konn kase chenn

Si ou pa gen Jezi nan lavi w ,frè mwen
Ou manke on bagay
Oh yes, ou manke on bagay
Si w pa gen Sabbaoth nan lavi w, frè mwen
Ou manke on bagay
 Oh yes, ou manke on bagay
Si w pa gen Adonai nan lavi w, frè mwen
Ou manke on bagay
 Oh yes, ou manke on bagay
Si w pa gen Dye Israel nan lavi w frè mwen
Ou manke on bagay
 Oh yes, ou manke on bagay

Si w pa gen wa dè wan an lavi w, frè mwen
Ou manke on bagay
 Oh yes, ou manke on bagay

Ou manke lepè
Ou manke le fils
Ou manke Dye de charite
Ou manke Dye de bonte
Ou manke sabbaoth
Ou manke Dye imòtel

Si ou pa gen Jezi nan lavi w, frè mwen
Ou manke on bagay
Oh yes ou manke on bagsy

Lemonn dèyè do m
Lakwa devan je m
Lemonn dèyè do m
Lakwa devan je m
Lemonn dèyè do m
Lakwa devan je m
Mwen p ap tounen, mwen p ap tounen

Mwen p ap tounen, mwen p ap tounen
Non non, mwen p ap tounen

Mwen pap tounen nan mayi griye
Non non mwen p ap tounen

Mwen pap tounen pou m a le woule nan kafou ankò
Non non mwen p ap tounen

Mwen pap janm tounen  pou m al woule nan kalbas ankò
Non non mwen p ap tounen
M p ap janm tounen pou m al tounen kodenn ankò
Non non mwen p ap tounen

Jezi te voye  m moun
Mwen p ap tounen bèt ankò
M p ap tounen nan trase vèvè ankò
Mwen p ap tounen nan fè sa k pa sa ankò

Mwen pap tounen, Mwen pap tounen
Mwen p ap tounen nan madanm moun ankò
Mwen p ap tounen nan fe tripotay ankò
Mwen p ap tounen nan pale moun mal
Mwen p ap tounen nan fe tripotay
Mwen p ap tounen pou m al jwen batri nan jazz ankò
Mwen p ap tounen pou m al jwen batri nan jazz ankò
Mwen pa janm tounen pou m al jwe batri nan Digital Express ankò

Mwen p ap tounen nan fè sa k pa sa ankò
Mwen pap tounen nan mayi griye
Leve Jezi pi wo, desann satan pi ba
Leve Jezi pi wo, desann satan pi ba
Leve Jezi pi wo, desann satan pi ba

M’antre nan anbasad jezi a
W a di m kilès ki kapab kenbe mwen

M’antre nan anbasad jezi a
W a di m kilès ki kapab kenbe mwen

M’antre nan anbasad Jezi a
Ki Lisifè ki kapab kenbe mwen


M’antre nan anbasad Jezi a
Ki dyab rasyal ki kapab kenbe mwen

M’antre nan anbasad Jezi a
Ki Ezili ki kapab kenbe mwen

M’antre nan anbasad jezi a
Ki dyab rasyal ki kapab kenbe mwen

M pa pè yo, M pa pè yo, M pa pè yo
M pa pè defi yo, M pa pè defi yo
Jezi la.

M pa pè baka yo, m pa pè baka yo
Jezi la

M pa pè dyab rasyal yo, m pa pè dyab rasyal yo
Jezi la

Sa Jezi vle mwen ye a , satan pa ka anpeche l
Marye Jezi vle w marye a, satan pa ka anpache l
Rezidans Jezi vle pou ou a, satan pa ka anpeche l
Citizen mwen di w, Jezi vle pou ou a, satan pa ka anpeche l
Marye jezi m nan  vle w marye a, satan pa ka anpache

Pitit Jezi rezeve pou a, satan paka anpeche l
Kle kay Jezi vle pou ou
Kle machi Jezi rezeve pou ou a
Rezidans Jezi rezève pou ou a
Madanm jezi rezève pou ou a
Aba satan! aba satan!
Viv jezi!
Aba satan!
Aba Lisifè
Aba dyab rasyal
Aba houngan
Aba ti jan petro
Aba sa ki pa vle wè m yo
Viv Dye D’Israel
Vivi Jezi
Viv Jezi

Aswè a m delivre
Aswè a m delivre
Aswè a kòd la kase
Aswè a wòch la woule
Aswè a mwen debloke

Asanble louwe Letènel
Il est vivant


3 comments:

  1. I would love to have the lyrics for this song so that I can practice it in creole. souple

    ReplyDelete