Saturday, June 2, 2012

Haitian Creole "tou" in "Mwen tou bouke" - Still mean "all"?

tou, here, means all, totally, so, so much, all so much

1. Mwen tou bouke.
    I'm all tired.

2. Fòk ou te wè sa.  Ti bebe a te tou zuit.
    You should have seen this.  The baby was so small.

3. Peyi Ayiti tou pòv deja.  Li pa bezwen lòt pwoblèm ankò.
    Haiti is already so poor.  It does not need any more problems.

4. Machin nan tou lèd, enpi manman m te vle m pou m al lekòl avè l.  Mwen te di'l mwen p'ap ka fè sa.
    The car was all so ugly, and my mom wnated me to drive it to school. I told her I could not do it.  

5.  Ou tou fèb.  Kouman ou va fè mache san w pa tonbe?
     You're so weak.  How will you walk without falling?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment