Saturday, June 2, 2012

ki jan w ka esplike diferans ant PA KA ak KA PA . Mesi m ap aprann kreyol kounye a e mesi pou sit sa ki ede m. Eske li egziste am franse e an panyol tou tanpri?

Mèsi zanmi :)
Men, mwen pa genyen blog sa ni nan lang Franse, ni nan lang Espanyòl.

pa ka → can't (where "ka" express inability to do something)
ka pa → may not, may not be able to. (where "ka" expresses the probability or possibility that something may not occur).  The negative indicator is then place after "ka".

Pa ka
1. Mwen pa ka manje.
    I can't eat


2. Nou pa ka vin nan fèt la.
    We can't come to the party.


3. Li pa't ka dòmi yè swa. ( 't indicates past tense)
    He couldn't sleep last night.


4. Mwen pa'p ka ale avè'w. ( 'p indicates future)
    I will not be able to go with you.


Ka pa.

Mwen ka pa konprann.
I may not be able to understand.


Li ka pa gen lajan.
He may not have any money.


Li ka pa't wè nou. ( 't indicates past tense)
He may not have seen us.


Nou ka pa janm jwenn li.
We may never be able to find it.

No comments:

Post a Comment