Saturday, September 15, 2012

koman ou kapab interest mwen nan kontinye pou aprann creole? Eske ou kapab ede mwen to continue aprann?

Li sanble w'ap mande'm pou nouri anbisyon ou pou aprann lang Kreyòl la....eske se sa?
Si se sa, Adye Bondye o!, chay sa ta twò lou pou'm pote.  Mwen pa gen tout pouvwa sa.
Kèlkeswa rezon ki te fè'w koumanse a, se li ki pou fè'w kontinye.
Anplis, ou p'ap janm kapab aprann pale yon lang etranje pou kont ou.  Si ou pa gen zanmi ki pou ede'w pratike lang nan, yon klas ki gen elèv menm jan avè'w ki pou ankouraje'w, ak yon pwofesè ki pou gide'w, ou va tonbe dekouraje lè materyèl w'ap aprann yo koumanse vin difisil. Mwen swete'w anpil ankourajman zanmi.  Kenbe la, pa lage.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment