Saturday, September 8, 2012

Moin ganyen 17 an, manman m pwal anvoye mwen retournen Haiti pou korije. Eske ou gen l'enfomasyon sou pi bon cell company ki fonksyonen Ayiti san oken pwoblèm pou kominike avek peyi USA?

Premyèman, ou pale kòm si Ayiti te yon pigatwa.  Anpil Ayisyen konsidere peyi yo kòm yon kote pou w'al fè penitans.  Lè yo fin kite Ayiti pou antre nan peyi etranje, yo bliye Ayiti nèt!  Men lè pitit yo koumanse gen move konpòtman, yo menase pitit la, "Si ou pa vle korije m'ap voye'w Ayiti wi!"
Kisa sa vle di?
Kisa Ayiti ye la a? yon pigatwa?  Yon penitansye?  Juvie?
Ala de koze!
Eske'w konn tande sa deja: "Voye pitit la fè de jou an Ayiti, l'ap korije."?
Ou gen enpresyon lè timoun nan rive Ayiti, yo drese'l byen drese ak yon fè cho, enpi yo voye'l tounen byen dwat e poli nan peyi etranje.
Ala yon ti peyi gen sou do'l papa!
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

3 comments: