Tuesday, October 16, 2012

mandaly eske w pa janm ale okay? m te tande ke se yon bel kote. gen moun ki di Okay te sipoze kapital la

Wi, m'ale Okay plizyè fwa.  Premye bagay ki va atire atansyon ou lè ou rive Okay se ansyen bilding kolonyal yo.  Lè w'ap antre nan lavil Okay la, touswit ou deja genyen yon lide kouman lavi te ye nan tan lontan.  Avèk bon reparasyon, Okay ta kapab vin bèl vre. Pou kounye a si gen yon lokasyon, an Ayiti, ki kapab vòlè tit kapital la, mwen panse se Jakmèl.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments:

  1. Vreman? M te panse se okay. Mais jakmel bel

    ReplyDelete
    Replies
    1. Ah, ou konnen.... Se yon zafè opinyon.
      Mwen twouve ke Jakmèl genyen chàm pou atire touris. Mwen panse sa trè enpòtan.
      M espere Pòtoprens va regenyen (to regain) chàm li ankò lè yo fin rebati li.

      Delete