Saturday, December 29, 2012

Bonjou sot nan Kansas! (Bonjou ?from Kansas?). Men kesyon p'am. Si m vle di "How are you this morning?" m ta di "Kouman ye maten an?" non? PA "maten sa a." Eske m pa ta janm sèvi ak "maten sa a," "midi sa a" elatriye?

Ah!  W'ap vwayaje?  Ou lakay ou pou sezon fèt la?  M'espere w'a pase yon bon sejou.  Anmize w byen.

Wi, Bonjou sot nan Kansas,  onswa Bonjou, soti Kansas byen di.

E, konsènan maten an / maten sa a, ou kapab di toulede:  Kouman ou ye maten an? onswa Kouman ou ye maten sa a?
Anpil Ayisyen itilize ekspresyon  maten sa a.  Ou kapab tande l anpil lè y'ap pale an piblik, onswa lè y'ap lapriyè.  Ou va tande yo di pa egzanp:

" ....Se yon privilèj pou m salye nou maten sa a, mesyedam ....."
onswa
"...Gran maten sa a, ou gentan  ap pale anpil nan zòrèy mwen.  Ban m lapè m!..." ☺
onswa
"... Jounen jodi sa a, nou reyini ansanm pou nou kapab onore ...."
onswa
"....Senyè Jezi, nou vini kote w maten sa a...."

E, se menm bagay la pou a midi sa a tou.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment