Saturday, December 1, 2012

Bouch granmoun santi, men pawòl li pa santi? WTF...?

Se konsa wi.  Sa se yon ekspresyon Kreyòl ki vle di ke pawòl granmoun gen anpil sajès ladan li.
Yon granmoun viv plis lane pase'w.  Pa konsekan, li fè plis eksperyans nan lavi a E li wè pi lwen pase w.
Majorite pèp Ayisyen gen anpil respè pou granmoun lontan (old folks).
Kon w wè granmoun ap pale, tout moun fè silans, tout moun bese tèt.
Gen de Ayisyen ki menm panse ke kèk granmoun ka lage madichon sou ou si tèlman pawòl yo gen valè.
Konsa, menm si bouch granmoun nan ta santi, pawòl li se bèl trezò nèt.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments: