Monday, December 17, 2012

Does haiti have a Wall Street ?

Jezi Mari Jozèf! Ki kalite kesyon sa ye la menm?!
Ayiti se Ayiti.  Li gen otonomi pa'l.  Ou pa kapab konpare ak lòt nasyon.
Non, Ayiti pa gen Wall Street, men li gen Mache Anba kote machandiz ap chanje men; li gen kiltivatè k'ap founi mayi, kafe, ak tout danre nesesè pou ekspòte, li gen ebnis k'ap pwodui bèl mèb pou vann; li gen moun ki anchaj depatman finans li; Ayiti gen dèt l'ap peye tou; li gen pansyon ak salè l'ap peye; E kounye a gras a fon ki rantre akòz tranblemanntè a, li va gen bon wout, bon distri komès, ak anpil lòt bagay ankò.
Peyi a ka pa pwodui ase pou nouri abitan li yo, men mesye gouvènman va rive aprann kouman pou jere sa - nou pi pre pase nou pi lwen.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment