Sunday, December 23, 2012

Mandy, kisa ou pral fè pou christmas la? e ki kado ou espere jwenn?

Mwen toujou fete lavèy. E, jou Nwèl la mwen dòmi nèt ale.
Pafwa, mwen pran yon ti diven wouj pou chofe kè'm.  Petèt se pousa mwen dòmi anpil konsa. :)
Kanta pou kado, mwen sensèman pa janm espere resevwa anyen.  Lè mwen te piti mwen te konn tann Tonton Nwèl pote yon poupe ak yon sabo, men Tonton Nwèl pa't janm vini.  Konsa mwen aprann pou m pa atann mwen a anyen. Men, Nwèl mwen toujou bèl grasadye... anpil lanmou, anpil lespwa, anpil diven, anpil bonbon, e sitou anpil mistletoe :)
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment