Sunday, December 2, 2012

sale ...?

sale (adjective, verb)→ salty (egzanp: manje sale, pwason sale, vyann sale); to salt, to cure, to season

Kèk egzanp fraz ki ekri ak mo "sale" a:

1. Manje sale pa bon pou lasante.  Si w manje manje ki gen twòp sèl tout tan, sa kapab koze ou soufri ak tansyon.
2. Nan mòn Ayiti, nou pa gen frijidè.  Se pousa nou sale pwason yo pou prezève yo.
3. Dantis la te di'm pou'm rense chouk* dan'm ak yon ti dlo sale lè'm rive lakay mwen.

*chouk dan (stump of a tooth)
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment