Sunday, December 23, 2012

SI youn moun byen mennen, that s good right?

Men wi, that's good :)
Si yon moun ap byen mennen, sa vle di tout bagay ap mache byen.  Pa gen danje, ni grangou, ni tèt chaje.
Men si yon moun ap mal mennen, sa vle di y'ap viv nan lamizè, onswa yo pa gen siksè nan lavi a.

Gendefwa ou ka di konsa, "Mari m ak malmennen avè m" onswa "Mari m ak malmennen'm nan kay la.".  Sa vle di Mari a ap maltrete w onswa li pa byen viv avè w.
Konsa tou, ou ka di, "Yannick gen chans paske li jwenn yon mari ki byen mennen avè l.".  Sa vle di, Yannick jwen yon nèg ki byen boule avè l, yon nèg ki trete l  e pran swen l byen.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment