Wednesday, February 13, 2013

Barely, hardly, scarcely? "The bullet grazed my skin but I barely felt it." and "Hardly anyone turned up for the meeting." and "I had scarcely entered the room when the lights went out."

Barely (hardly, scarcely, just) →  apèn, apenn, annik, senpleman, jis, preske pa
Not quite → pa toutafè, preske
scarcely (infrequently) → raman, pa souvan   

1. Nou apenn rive.
    We just arrived.

2. "The bullet grazed my skin but I barely felt it."
     "Bal la te fwole po m men mwen pa toutafè santi li."

3. I barely know her.
    Mwen apenn rekonèt li.
    Mwen pa toutafè fin konnen l nèt.

4.  "Hardly anyone turned up for the meeting."
     "Apenn si gen enpe moun ki parèt pou reyinyon an."

5. "I had scarcely entered the room when the lights went out."
     "M te annik antre nan chanm nan lè limyè yo te tenyen."

6. I scarcely remember anything about the day my father died.
    Mwen preske pa sonje anyen nan jou papa m te mouri a.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment