Thursday, February 14, 2013

Ki diferans ki ganyen ant yon dyòlè ak yon blòfè?

Yon dyòlè renmen vante tèt li.
Li kapab byen egzajere lè l'ap pale.
M panse dyòlè a fè dyòlè pou l ka blofe w.

Yon blofè ap fout ou manti pou w pa chape.
Pa gen anyen nan sa l di ki verite.
Blofè a pa dyòlè pou sa.

Men ni dyòlè a ni blòfè a gen kèk bagay an komen:
Yo pale anpil, yo renmen atansyon, yo depann sou moun k'ap koute yo.
Men, kisa pou w fè? Nou tout gen yon ti dyòlè ak blofè nan nou.
Se konsa sa ye.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment