Wednesday, March 6, 2013

Ki vetman ki apwopriye pou mete nan maryaj kretyen nan Ayiti?

Ayisyen toujou panse y'abiye pi chèlbè pase tout nasyon :)
Ledimanch pou y'al legliz, yo mete pi bèl wòb yo genyen.
Kretyen legliz Ayiti SIPOZE abiye yon fason rezève.  Laplipa nan fanm yo pa mete pantalon (sitou granmou yo).
Konsa, si w'ap asiste yon maryaj kretyen, e ou pa gen okenn fonksyon w'ap ranpli ki egzije mete yon koulè rad espesyal, donk ou ta dwe mete w byen banda pou w ka pay payèt tankou tout moun :)
Si m te ou, pou plis sètitid, m ta ranseye m ak mesyedam lemarye oubyen lamarye a.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment