Saturday, March 9, 2013

Poukisa gen moun Haiti se a l'heure que w'ap manje yo vin rann ou visit?

An jeneral, moun pa manje sou moun, Ayiti, san w pa ofri moun.
Gendemoun ki konn ap bat grangou pou detwa jou.  Se diyite yo ki fè yo pa tonbe mande nan lari a.
Si w remake w'ap resevwa yon vizitè chak lè w'ap pare w pou w atable w, petèt moun nan razè, li nan di, li grangou.  Petèt se ou menm ki ba li sèl manje li mete nan vant li pou jounen an.
Malerezman, zafè grangou an se yon pwoblèm serye nan peyi a.  Gen moun, se ak yon grenn sèl anba lang yo ke yo pase jounen an.  Mwen pa ka di w sa pou w fè, men mwen aprann pou m separe sa m genyen piti kon l ye.
Mwen sonje lè mwen menm ak sè m yo patko kite Ayiti;  manman m te nan peyi Etazini, l'ap travay $3.35 pa è.  Si lè l fin peye bill li nan peyi blan an, li pa gen lajan ki rete pou'l voye okipe nou Ayiti, ah! n'oblije al dòmi grangou.  Sa pa't fèt souvan, men m kapab imajinen kouman sa ye pou moun ki p'ap travay e ki pa gen espwa resevwa lajann okenn kote.
Mezanmi, si'n ta pran ekri yon liv sou granmoun, potorik gason, jenn moun ak timoun ki nan grangou fòse e k'ap moute kabann san manje, san konnen kijan demen yo ap ye, dlo lanmè pa ta menm sifi kòm lank pou ekri.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment