Friday, June 7, 2013

Eske 'dekolte' a se menm bagay ak 'lage ko' a?

Non. Yo se de diferan tèm.

Tèm "lage kò" a se lè yon moun fè neglijans ak kò li.  Li abiye nenpòt ki fason, li  neglije ijyèn ni, e li pa pran swen kò fizik li ditou.  Ou kapab di "Li pa rele aprè tèt li".  Men yon egzanp m'ap ba'w:
"Gen yon seri de medam, yo fè bèbèl ak kò yo pou yo ka atire yon gason, men depi yo fin marye yo lage kò yo". 

Tèm "dekòlte" a vle di abiye yon fason ki ekspoze tout kò w deyò.  Yo rele sa "kale kò" tou.  Men yon egzanp ou kapap pran avèk tèm sa a:
"Mesyedam alèkile pa gen okenn rezèvasyon. Yo menm mete rad dekòlte pou al legliz."

Mo "dekòlte" a kapab vle di yon pawòl ki pa fèt pou timoun piti tande.
pa egzanp:
Ki kote ou jwenn ak tout blag dekòlte sa yo?
Where did you get all these dirty jokes?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments:

  1. fè bèbèl vle di 'to make sexy'?

    ReplyDelete
    Replies
    1. Wi se sa :)

      Fè elegan
      Fè seksi
      Fè chèlbè

      Delete