Thursday, July 25, 2013

Eske ou kapap di fraz sa konsa; "m pa poko fe li" or "m pa fe li poko"?

poko se yon mo negatif li ye.  Li vle di not .... yet.  Sètadi ou pa bezwen me te mo "PA" a lè w ap itilize l.

pa egzanp:
1. I have not eaten yet.
    olye pou w di
   M pa poko manje.
   ou va di
    M poko manje.

men yon lòt egzanp.
2. We have never seen anything like it.
     No poko janm wè yon bagay parèy.
    Nou pa mete "pa" nan fraz la.

Ou kapab wè mo "poko" a ekri diferan fason nan lang Kreyòl la.
Gen moun ki di poko, gen lòt ki di pako, gen lòt menm ki di ponkò; ou kapab menm jwenn moun ki di panko
Enpitou lè w ap itilize tan pase a ou va di patko oubyen pa te ko.

pa egzanp
3. Mwen patko wè fim nan, se pou sa mwen te vle ale wè l avèk nou.
    I had not seen the movie yet, that's why I wanted to go see it with you.
   


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment