Wednesday, July 10, 2013

Kile ki vle di "of" an Kreyol: "nan" oubyen "de"?

Dabitid "of" tankou yon prepozisyon pa tradui an Kreyòl.
Nou kapab pran kòm egzanp:
The dance of death
Nou tradui li
Dans lanmò

Men yon lòt egzanp:
She made a bunch of friends while she was at camp.
Nou tradui li konsa:
Li fè yon bann zanmi pandan li te nan kan an.

Gendelè nou kapab tradui li avèk Kreyòl's "nan"
Pa egzanp:
I only want one of them.
Mwen sèlman vle youn nan yo.

Three of the children became doctors.
Twa nan timoun yo te vin doktè.

Apre sa, malgre nou eseye pa itilize "de" kòm prepozisyon nan Kreyòl, sa pa anpeche kèk moun itilize li nan fraz tankou sila yo:
Sa'w panse de sa?
Pale m de ou.
Yon seri de moun.
etc....
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment