Sunday, July 14, 2013

leu yon moun semante 'anverite trois fois' eske o gen rezon pou pike zotey yo? eske se menm bagay avek leu yo cross your finger?

Sèl rezon ki pou ta fè yon moun pike zòtèy li anba tè lè l'ap sèmante se si l'ap bay manti.  Se sa m konn tande yo di.
Zafè kwaze dwèt dèyè do w la, se nan peyi Etazini m te vin aprann sa.  Ameriken fè sa paske yo swete yon sityasyon ta rive tout bon vre.
Men lè yon moun pike zòtèy li anba tè pandan l'ap sèmante (dapre sa m konnen), moun nan fè sa paske li pa vle malè rive l.  Pa egzanp, si moun nan sèmante konsa, "Tonnè kraze m....!" oubyen "M mande Bondye machin frape m....!" - moun nan va pike zòtèy li anba tè pou tonnè pa boule l ak pou machin pa frape l; sitou si l'ap sèmante pou twonpe moun.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment