Tuesday, October 1, 2013

Bonjou! M gen yon kesyon sou diferans fason yo a pou eksprime yon ......

"Bonjou! M gen yon kesyon sou diferans fason yo a pou eksprime yon
posesif. Patikilyement, poukisa nou pa itilize mo a "pa" toujou pou eksprime
posesif. Pa egzanp:
Kreyol se lang pa m.
Kreyol se lang mwen.

Oubyen
Se te chapo pa l.
Se te chapo l.

Eske gen yon diferans? Pafwa m wè atik yo ki itiliz 'pa' pou yon posesif e lot
fwa m pa wè l. Poukisa?
Mesi anpil pou blog ou (pa w?)! Li t'ap ede m anpil!"


ANSWER:

Toude fason ou itilize pou posesif la bon.
Lè ou itilize "pa" kòm posesif an Kreyòl, se sa ou rele an Angle POSSESSIVE PRONOUN
pa egzanp:
Machin nan se pa m. - The car is mine.
Eske timoun sa yo se pa w? → Are these kids yours?

E lè ou itilize lòt pwonon yo, se sa ou rele POSSESSIVE ADJECTIVE an Angle.
Se machin mwen.  → It's my car.
Se machin pa m. → The car, it's mine.  or This car is mine.
Sa yo se timoun mwen yo. → These are my kids.
Timoun sa yo se pa m. → These kids are mine.






Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment