Wednesday, February 25, 2015

At the beginning of a sentence in kreole " se sa k fe'" does that translater as " so" or "there fore " in kreyol?

Se sa k fè - this is why

1.
M te gen tètfèmal se sa k fè m t'al kouche.
I had a headache that's why I went to lie down.

2.
Jezi ap viv nan kè m se sa'k fè kè m kontan konsa.
Jesus lives in my heart that's why I'm so happy.

3. 
Moun sa yo se kriminèl se sa'k fè m di w  pa asosye ak yo
These people are criminals, this is why I tell you not to hang out with them.

It's also another way to as why?

4.
Sa k fè sa?
Why is that?


5a.
Sa'k fè w tris konsa?
Why are so sad?

5b.
Mwen sonje manman m se sa k fè m tris.
I miss my mother that's why I'm sad.


6a
Sa'k fè w twouble konsa?
Why are you so upset?

6b
Men te fè w konfyans men ou ban m manti se sa'k fè m twouble. 
I trusted you but you lied to me that's why I'm upset.



7a
Sa'k fè w malelve konsa?
Why are you so rude?

7b
Mwen pa konnen kouman pou m boule ak moun se sa k fè pafwa m fè malelve.
I don't know how to deal with people that's why sometimes I'm rude.


8a.
Sa'k fè w pa ka dòmi?
Why can't you sleep?

8b
Chen w lan jape tout lannuit se sa k fè m pa ka dòmi.
Your dog barks all night that's why I can't sleep.


9a
Sa'k fè ou p'ap lekòl demen?
Why won't you be in school tomorrow?

9b
Mwen dwe ale kay doktè se sa' k fè m p'ap la.
I must go to the doctor that's why I wont be there .

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment