Sunday, March 8, 2015

Can you post the lyrics for Freedom manman song . i cant find it anywhere thanks.

Solèy leve m di Bondye mèsi ke w egziste
Pa gen anyen p’ap fè pou ou
M pa konn fè nwa,
Se sèl nan zye w m wè limyè ka klere
Pa gen anyen m p’ap fè pou ou
Lè kè m fè m mal  tout penn efase lè w vin bò kote  m
Pa gen anyen p’ap fè pou ou

 Nan lavi sa se ou ki lespwa m
Sèl moun ki ka vrèman ban m jwa
Enpi ou fè powblèm vin tounen yon bon paradi
Lè m wè manman m chagren pati
Ou te ban m fòs lè m santi m pa t vle kontinye
Enspirasyon pouse w
Se gras a ou ki fè m pa t janm sispann lite
Ou se cham  ki klere m

Tout sa ke m fè ou sipote m
Depi m piti se lamou pa w ki gide m
M’ekri mizik sa a pou konprann laverite
San ou m sati m debousole
San ou m santi m fòs kè m bese
Pa gen lanmè m p’ap travèse
Pou mwen ede w si ou rele



Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment