Wednesday, March 4, 2015

Hello, Im looking for a song in the Chant D'Desparance, but i don't know the Title. The song goes..Nau ou menm ki Genyen Lavi pou kesa Map Soufri. Can you tell me what page I can find this song in the Chant D'desparance?

#48 Echo Des Elus

Jezi se ou sèl ki fòs mwen
Poukisa w’abandone mwen
Chak jou m leve m’ape kriye
Ouvri je w pou wè mizè mwen

Nan ou menm ki genyen lavi
Poukisa mwen menm m’ap soufri
Kounye a mwen prèt pou mouri
Pa kite m peri senyè

Dlo nan zye’m sèvi nouriti
E m konnen ou gen tout pouvwa
Retire sa’k pa bon nan mwen
Pou m kapab sèvi ou Senyè

Si se peche m ki fè m’ap soufri
Mwen vini mande ou padon
O bon Sovè di yon mo pou mwen
Pou m pa wont devan lènmi m yo

Zanmi mwen Jezi ap rele w
De bra li louvri l’ap tann ou
Pa kite Satan touye ou

Vini li va ba ou lavi

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment