Monday, March 16, 2015

Men pwoblèm mwen. Se Ayisyen mwen ye. M gin 56 an. Gen plis 30 an m pa t pale Kreyòl la. Kounyeya m rete nan lachin. Pa gen oken Ayisyen nan peyi isit. Men m vle pale lang mwen ankò. Ki jan pou m jwenn "language exchange"? Ki kote m ka jwenn Ayisyen ki vle aprann pale Chinoua ou byen Angle? Nou ka itilize Facetime, Skype, ... pou koze. Mèsi anpil!

Dapre jan w ekri Kreyòl, sanble ou te fè yon ti etidye lang nan.
Gen anpil chanjman ki fèt nan lang nan depi 30 lane sa a. Men sanble ou kenbe konpa w ak Kreyòl la.  Konpliman, kenbe la piga w lage.

Mwen poko jwenn yon "language exchange" pou Ayisyen kominike ak lòt Ayisyen nan bi pou kenbe Kreyòl yo sou konpa. Si w bezwen kominike ak Aysisyen ou va jwenn yo nan "chat room" sou entènèt la oubyen nan "meetup" ki fèt anpèsonn.

Eske ou te janm tounen vizite peyi w pandan trant lane sa yo?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment