Monday, July 20, 2015

Mèsi anpil pou enfòmasyon ki nan blog ou a. Èske genyen diferans ant "lapriyè" ak "priyè"? Mwen kwè pa gen okenn diferans ant mo sa yo. Èske mwen korèk? M konnen vèb la se "priye". E, ki sa ou t ap di sou "lespri" ak "espri"? Èske gen diferans?

Bonswa!
Wi. Sa w di a se sa. Pa gen diferans ant mo priyè ak lapriyè ki vle di envokasyon onswa rekèt

Pa gen diferans, nonplis, ant mo espri ak lespri ki vle di konpreyansyon, entelijans, onswa zonbi

Men gen de sikonstans nan lang lan kote li fè plis sans pou itilize youn sèlman. Yon egzanp: Li se moun lespri (ki vle di: Li edike) Mwen pa kwè w ap jwenn moun ki va di: Li se moun espri.

Kòm ou dwe deja konnen, se atik franse a (le, la, les, l’) ki fè yon sèl avèk mo kreyòl la ki vin ba ou, kòmkwa, yon prefiks nan mo a.
Lòt egzanp konsa, se: espwa onswa lespwa; delivrans onswa ladelivrans; kranp onswa lakranp; rezon onswa larezon; etsetera…


Dakò, mèsi. W a kenbe la.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment