Thursday, August 13, 2015

Please help me find the melody for that song " Pèsonn pa ka kanpe pou’l fè m pa louwe Satan pa ka bare’m pou’l fè’m pa chante Boulvès kapab vin"


 

Pèsonn pa ka kanpe pou l fè m pa louwe 
Satan pa ka bare m pou l fè m pa chante 

Boulvès kapab vini
Lè sa a, piga w kouri
Tout pòt kapab fèmen
Ou pa wè pèsonn pou rele
Satan kapab rale pye w
Jis pou l fè ou tonbe
Asire w nan bondye
M garanti w ou p ap tonbe

Le ènmi vin atake w
Mwen p ap dekonsantre
An nou tout fè linite
pou n kapab fè travay Bondye
Satan la pou l divize
Nou menm n ap resoude
Na p kenbe pye Bondye
E m konnen n ap rive.


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment