Thursday, February 16, 2017

hello do you know the song wi kris toujou la pou li tande mwen pou li ede mwen e poul bay mwen lavi if so do you know the rest of the lyrics? thank you God bless you


Lè m nan pwoblèm yo, m ap chante pou Kris
Lè m nan doulè yo, m ap chante pou li
Lè m nan tristès yo mwen rele jezi
Ka li toujou ede m

Wi Kris toujou la, pou li tande mwen
Pou li ede mwen, e pou l ban mwen lavi
Wi Kris toujou la, pou li tande mwen
Pou li ede mwen, e pou l ban mwen lavi

Nan mitan lannwit mwen pa janm tou sèl
Nenpòt kote m ye li toujou la avè m
Ala yon bon papa ki renmen m tout bon
Mwen vle soufri pou li

Ou menm zanmi mwen, vini jwenn Jezi
Li genyen repo pou kè ki fatige
Si li kenbe men ou, ou p ap janm tonbe

Ou va genyen lavi

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment