Friday, March 2, 2012

do you know the lyrics to the hymn "konbyen mwen dwe" i've heard two different ones. "mwen pa ka di konbyen mwen dwe..." "...mwen konnen sa li fe pou mwen, mwen kapab di konbyen mwen dwe.."

#100 Chants D'Espérance (Creole)
  

Lè Jezi mouri sou kalvè
Lè Kris mouri se te pou mwen
Mwen mande eske m'ap konnen
konbyen mwen dwe, konbyen mwen dwe


konbyen mwen dwe lanmou san fen
konbyen mwen ka kris pou mwen
Mwen konnen sa li fè pou mwen
Mwen pa ka di konbyen mwen dwe


Sovè mwen nan Jetsemani
Te pase pi gran agoni
Se pou mwen soufrans sa te ye
kouman pou m di konbyen mwen dwe


Se te lanmou li gen pou mwen
ki fè l soufri yon mò wonte
Lè tout san kò li te koule
Li sove mwen konbyen mwen dwe


Lè m'a rive nan syèl la tou
Rete avèk li pou toujou
Mwen mèt pale di mil ane
Mwen p'ap fin di konbyen mwen dwe

No comments:

Post a Comment