Tuesday, December 25, 2012

Yon priyè Nwèl...

Bondye ki renmen nou an, nou pote remèsiman ba ou pou sakrifis w'ap fè pou nou toulejou.
Nan okazyon fèt Nwèl la, nou di mèsi espesyalman pou kado pitit gason ou an.  Nou resevwa li ak anpil gratitid, e  nou va pataje kado sa a avèk chak moun nou rankontre sou chimen nou, pou yo kapab goute lanmou'w tou.
Moutre nou kouman pou nou fè kè'n tounen yon kay pèmanan pou pitit gason ou abite. Konsa, n'a mentni yon lespri ki va pwomote la pè sou tè a jouk tan rèy ou tounen ankò.

Jwaye Nwèl.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments: