Wednesday, August 7, 2013

Sa m fe m ap peye???

"Sa'm fè m'ap peye?" 
Mande sa ankò.  Se pa yon kesyon ki toujou gen repons.

Dabitid, si yon moun rive nan yon faz kote l dwe mande kesyon sa a, sa vle di moun nan ka ap pase yon moman difisil.  Li ka santi se pini Bondye ap pini l.  Li ka santi se malediksyon k tonbe sou li.  E nan ka pifò Aysisyen, li ka byen panse se yon moun k'al chache fè l ditò kay yon oungan.

Sa'm fè m'ap peye?  Pou ki krim m'ap peye?  Pouki m'ap soufri konsa?  oubyen Poukisa m'ap pase mizè konsa?

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment