Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Friday, October 28, 2011

What's up with "pick up" in Creole?

To pick up (as in: lift) → Pran, leve
example:
1. Pick up the box.
    Leve bwat la.


2.  She picked up the chair with no problem.
     Li leve chèz la san pwoblèm.


3.  He gently picked up the child.
     Li leve timoun nan tout dousman.


To pick up (as in: collect, gather) → pran, ranmase
example:
1. Pick up all the toys from the floor before you go to bed.
    Ranmase tout jwèt yo atè a anvan w'al dòmi.


2.  Pick them up.
     Ranmase yo.


3.  A strong wind pick up the houses and threw them in the air.
     Yon gwo van ranmase kay yo e li voye yo anlè a.


To pick up (as in:  clean up) → netwaye
example:
1.  Pick up your room a bit.
    Netwaye chanm ou non.

2.  He leaves his socks all over the house.  I have to pick up after him.
     Li kite chosèt li tout kote nan kay la.  Fòk mwen netwaye aprè li.




To pick up ( as in: to go get) → ale chache, ale pran
To pick up (as in: come get) → vini chache, vini pran
example:
1. Come pick me up.
    Vin chache mwen. or
    Vin pran mwen.


2. Can you come pick me up at the school?
     Eske ou ka vin chache mwen nan lekòl la?
     Eske ou ka vin pran mwen nan lekòl la?


3.  Someone from the church will come to pick us up at the airport.
     Yon moun nan legliz la ap vin chache nou nan aewopò a.
     Yon moun nan legliz la ap vin pran nou nan aewopò a.

4.  Are you on your way to pick me up?
     Eske ou nan wout pou vin chache m?

5.  I'm on my way to pick you up.
     Mwen nan wout pou m vin chache w.

6.  They've arrived.  Can you go pick them up?
     Yo rive.  Eske ou ka al chache yo?

7.  Go get me an umbrella.
     Ale chache yon parapli pou mwen.
     Ale pran yon parapli pou mwen.

No comments:

Post a Comment