Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, December 31, 2011

Haiti: Independence Day 2012

Premye janvye*
N'pral bwè soup joumou*
Pou nou fete
Tankou moun ki sou*
Yon libète
Ki bay lavi gou*


Gras a* Tousen
Ki te konn pale fen*
E Desalin
Ki te yon nèg rasin*
Ak anpil lòt
Ki pa't nan lamayòt*


Ayiti cheri
Peyi lamizè
Ou pa pè defi*
Ou fè m toujou fyè*
Men, ti paradi,
Kilè wa fè flè?


Selebre libète
Respekte li souple!
Fete ak anpil gete*
Fete, men pa janm bliye
Tout san* ki te koule
Pou yon pèp libere
                    Mandaly.

bliye (v.) - forget
defi (n.) - challenge
fen (adj.) - cultured, refined
fyè (adj.) - proud
gete (n.) - glee
gou (n.) - taste
gras a - thanks to
joumou (n.) - squash (the vegetable)
koule (v.) - spill
lamayòt (n.) - clown
premye janvye - January first
rasin (n.) - root
san (n.) - blood
sou  (adj) - intoxicated

No comments:

Post a Comment