Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, May 22, 2012

Lyrics to 'Batay la se pou Letènèl'

Batay la se pou Letènèl pouki sa wap kraze kò'w? 
Batay la se pou L'etènèl rete ansilans. 
Ou mèt eseye depi jodi pou rive demen se pa anyen w'ap regle 
Pito'w lage batay la nan men Letènèl


Izrayèl te devan lamè wouj
Farawon dèyè l, l'ap mache al rankontre l
Kijan pou yo fè?  Ki moun ki kab delivre yo?
Te gen yon men envizib ki t'ap gide Moyiz avèk pèp Izrayèl la
Touswit Letènèl pale, se te delivrans.


Amalèk parèt sou Izrayèl pase pa dèyè'l atake'l ak gwoup li yo
Moyiz monte sou montay, moun yo te desann al batay
Amalèk pa't kapab reziste chak fwa Moyiz leve men'l anlè bay Bondye
Viktwa batay la te la nan men Letènèl.


Sayil pa't kab sipòte David paske Bondye te chwazi'l pou'l t'al ranplase'l
David pran lafuit, Sayil dèyè'l pou touye'l
David epanye lavi Sayil pandan'l t'ap dòmi
Li pa't mete men sou li.
Sayil mouri, Letènèl te delivre David


Anpil fwa Kretyen yo konn panse se yo menm ki kapab mennen batay la.
Se sa ki fè pafwa yo konn pèdi batay la
Aprann lage batay la nan men Letènèl
Se li menm ki konnen sa l'ap fè
Bay Letènèl batay la, w'a gen laviktwa

8 comments:

  1. Replies
    1. Records or Bible book stores in Little Haiti (Miami) has it.

      Delete
  2. 25 decembre lan moin lage tout bagay nan min l'eternel

    ReplyDelete
  3. Batay sa pa batay pam se batay l'Éternel li ye

    ReplyDelete
  4. Lage batay la nan men nan gran Chef la, kretyen....
    Pa eseye al goumen ak ènmi yo.

    ReplyDelete