Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Wednesday, October 28, 2015

Jodia se jounen entenasyonal lang kreyol vre? Kiyes ki te chwazi jou sa e poukisa?

Yon gwoup lengwis te mete tèt ansnam nan mwa oktòb, ane 1983 pou rekonèt lang kreyòl ak pou fè plis rechèch pou benefis lang lan. Yo te deside chwazi jou 28 oktòb la pou selebre eritaj kreyòl la chak ane – se te premye selebrasyon jounen entènasyonal kreyòl la. Tout peyi ki pale kreyòl vin patisipe nan selebrasyon sa a. Malgre genyen ki obsève li nan yon diferan dat, yo toujou rezève mwa oktòb la pou sa.
Selebrasyon kreyòl la se pa senpleman fete lang ki ini nou kòm yon ras, ... yon pèp, se ta dwe okazyon ki nan kalandriye nou tout tan pou fè nou sonje li lè pou nou klase lang lan nan plas li, kòm lang prensipal kominikasyon nou nan tout aspè.
M ap mande tèt mwen, nan tout peyi sa yo ki ap selebre lang kreyòl la, konben nan yo ki bay lang kreyòl la premye plas nan kilti yo vrèman?
Konben nan peyi sa yo, lè tan an rive pou prezante yon bagay ofisyèl, se franse onswa yon lòt lang yo chwazi?
Kisa ki gani tab ou? Franse onswa kreyòl?
Si yon moun k ap selebre lang kreyòl la panse kreyòl gen ti mank, pou se lòt lang l ap chwazi pou regle koze ofisyèl, moun sa a nan gwo ipokrizi.


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

4 comments:

  1. Mon dakò sa'w di la wi...mon ka bat lanmen-mwen,ipokwit yo ye!

    ReplyDelete
  2. Mon dakò sa'w di la wi...mon ka bat lanmen-mwen,ipokwit yo ye!

    ReplyDelete
  3. Yon gwo kout chapo pou ou ou byen pou nou menm ki te pran initiative sa. Kimbe la.

    ReplyDelete
  4. Yon gwo kout chapo pou ou ou byen pou nou menm ki te pran initiative sa. Kimbe la.

    ReplyDelete