Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Sunday, November 29, 2015

Avantaj ki genyen lè òtograf timoun lekòl yo ap aprann nan baze sou lang matènèl yo

Kòm pwofesè Michel Degraff di, "Nou gaspiye richès lengwistik lè timoun lekòl Ayiti yo koumanse aprann fè lekti avèk yon òtograf ki pa baze sou lang matènèl yo".
Richès yon peyi se nan kilti li, nan kalite manje li fè, nan tradisyon mizik li, e nan lang li tou.
Ameriken yo p ap janm fè timoun kindergarten yo koumanse li nan lòt lang pase angle sèlman.
Franse yo p ap janm kite timoun klas anfanten li yo koumanse li nan okenn lòt lang pase franse sèlman.
Timoun panyòl yo toujou koumanse aprann li nan lang matènèl yo.
Aktyèlman, tout timoun tout peyi toujou koumanse aprann li nan lang ke yo konnen depi yo piti.
Nou espere timoun Ayisyen yo va suiv menm egzanp sa a.
Pou nou gen "lekòl tèt anwo, nan yon peyi tèt anwo", fòk nou eksplore richès lang kreyòl la nan aspè syantifik li. Suiv tweets @MichelDegraff yo pou nou rete konekte avèk dènye nouvèl sou avansman lang kreyòl la. Enpi gade e pataje videyo sa:


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments:

  1. Tout sa li di, se pa vre. Pitit m' se Amerikan, epi kounyeya nan Kindergarten lap aprann Angle ak Panòl, tout lè de.

    ReplyDelete
  2. Tout sa li di, se pa vre. Pitit m' se Amerikan, epi kounyeya nan Kindergarten lap aprann Angle ak Panòl, tout lè de.

    ReplyDelete