Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, September 30, 2017

Do you have, or know where I can obtain some short stories in Haitian Creole, to practice? I'm finding it a bit difficult to practice and expand my vocabulary just from the phrases. The phrases are really great, but I'm advancing a bit and would like to push forward!

Anfòm! Mwen kontan tande ke w ap avanse nèt nan kreyòl la. Ou kapab tcheke sit wèb EducaVision an. Yo genyen anpil liv ki genyen kont ak istwa ladan yo. Ou kapab koumanse avèk liv Mod Fontis la, Istwa ak Kont Kreyòl. Genyen anpil bèl ti kont nan liv sa a.
Kontinye konsa!

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments:

  1. Nou dwe fe yon efo pou nou ranmase tout kenz liv ki te ekri pa Karye Polt (Carrie Paultre), bel Manda.
    Ahh konbyen mwa te pase depi m pat tande ou. Mwen espere tout bagay anfom ak ou epi ak fanmi ou.
    Konsenan liv Karye Polt yo, mwen gen kat liv antou. Men liv sa yo; Tonton Liben, Woch nan Soley, Lerison epi Nikola Moun Senmak. La Press Evangelique an Potoprens te pibliye tout kenz liv yo nan ane 2001, men depi mwen viv Kwoasi, li pi difisil pou mwen obteni yo.
    Poutet sa mwen ta renmen pou nou fe yo efo pou nou eseye jwenn tout bel ti liv sa yo.

    ReplyDelete
    Replies
    1. O O! Bonswa wi! Kijan w ye? Wi nou gen lontan nou pa pale. Se pske mwen okipe anpil anpil. Anplis genyen anpil bagay ki chanje nan lavi m. Si Laprès Evanjelik genyen tout kenz liv yo, pi pa p twò difisil pou m jwenn yo. M ap ba ou repons sou sa pita. Dakò. Mwen kontan tande w. Kenbe la.

      Delete