Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Showing posts with label thank you. Show all posts
Showing posts with label thank you. Show all posts

Saying "Thank You's!" and "You're Welcome"! (AUDIO)

Link to download this audio:
Click here to download…

To Listen to this audio, click on the PLAY button and follow along :)

 

Matmwazèl! (Miss!)
Plètil mesye? (Yes sir?)
Eske ou kapab di m ki lè l ye? (Can you tell me what time it is?)
Li fè sizè. (It's six o'clock.)
Mèsi! (Thank you!)
Deryen mesye! (You're welcome sir!)

Matmwazèl!
Plètil mesye?
Mwen grangou.  Fè yon ti sandwich pou mwen tanpri. (I'm hungry.  Make me a sandwich please)
Men wi mesye! (Of course sir!)
Men sandwich la wi. (Here's the sandwich.)
Mèsil anpil.  Mwen apresye sa! (Thanks a lot.  I appreciate this!)
Ak tout plezi mesye. (With all the pleasure sir!)

Matmwazèl!
Plètil mesye?
Eske w kapab pote yon vè dlo byen glase pou mwen? (Can you bring me a very cold glass of water?)
Wi mesye. (Yes sir)
Men dlo glase a wi! (Here's the cold water)
Mèsi anpil! (Thanks a lot!)
Se te yon plezi mesye! (It was a pleasure sir!)

Matmwazèl!
Plètil mesye?
Chofe yon ti dlo pou m ka benyen tanpri. (Warm up some water for my bath please)
Wi mesye.
Dlo a chofe wi. (The water's been heated)
Mèsi! (Thank you!)
Se te tout plezi m mesye! (It was all my pleasure sir!)

Matmwazèl!
Plètil mesye?
Mwen fin benyen.  Vin fèmen dlo a pou mwen. (I'm done taking my shower.  Come shut off the water for me)
Dakò mesye. (Alright sir.)
Mwen fèmen dlo a wi. (I shut off the water)
Mèsi anpil! (Thanks a lot!)
Padekwa mesye! (You're welcome sir!)

Matmwazèl!
Plètil mesye?
Etenn limyè a pou m ka dòmi. (Turn off the lights so that I may sleep)
Wi mesye.
Mwen etenn limyè a wi. (I turned off the lights)
Mwen remèsye w pou tout sa ou fè pou mwen! (I thank you for all you've done for me!)
Sa pa't anyen mesye! (That was nothing sir!)

Matmwazèl!
Plètil mesye?
Vin kouche bò kote m pou w ka grate do m. (Come lie down next to me so you can scratch my back.)
O!  Non non non Mesye! (Oh no no no sir!)
O O! Poukisa w di non? (Why do you say no?)
Paske sa se yon travay pou madanm ou, pa pou mwen menm! (Because this a job for your wife, not for me!)
Enben, eske w ta vle marye avè m pou w kapab vin madanm mwen? (Well would like to marry me so you can become my wife?)
Non mèsi mesye. Ou pa bezwen yon madanm. Se yon bòn ou bezwen! (No thanks sir.  You don't need a wife.  You need a servant)
Enben, mèsi kanmenm! (Well, thanks anyway!)
Se te yon gran plezi mesye! (It was a great pleasure sir!)

Track: Ede m chante chante sa a by Boukan Ginen

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

I know how to say 'thanks' in Creole. How would you say 'Give thanks to the one who gave us this beautiful day.'

Give thanks...
Di mèsi...
Bay remèsiman


We're giving thanks.
N'ap di mèsi
N'ap bay remèsiman
Nou pote remèsiman


Give thanks to the one who gave us this beautiful day.
Bay remèsiman pou sila a ki ban nou bèl jounen sa.

thank god for my family and friends

Mèsi Bondye pou fanmi m ak zanmi m yo.
or
Mwen remèsye Bondye pou fanmi m ak zanmi m yo.

thank you Jesus for opening my eyes to see the beautiful people of Haiti.

Thank you Jesus for opening my eyes to see the beautiful people of Haiti.
Mèsi Jezi, dèske ou louvri je'm pou'm kapab wè bèl moun Ayiti yo.

Thank you the cross Lord (in Creole)

Thank you for the cross Lord.
Mèsi pou lakwa Senyè.


We thank you for the cross.
N'ap di w mèsi pou lakwa.

"mèsi"

mèsi is Haitian Creole for thank you


There aren't too many other ways to say it in Haitian Creole:
Mèsi (thank you)
Mèsi anpil (thank you very much)
Mèsi mil fwa (Thanks a thousand times)
Mil mèsi (a thousand thanks)
Mwen remèsye w (I thank you)
Mwen di w mèsi (I say thanks)
Mwen apresye sa (I appreciate it)
Mwen rekonesan (I am grateful)
Danke! (just kidding :)


See more ways to be thankful

Then if someone says "thank you" in Creole, I will answer how?

You're welcome. or Don't mention it.
De ryen.
Padekwa.

My pleasure
Se te tout plèzi mwen.

Forget it.
Pa okipe w.

No problem
Pa gen pwoblèm.

It was nothing.
Se pa't anyen.

It was nothing at all.
Se pa't anyen ditou.

Thank you very much - mèsi anpil?

Yeap, you got it!

thank you
mèsi

thank you very much
thanks a lot
mèsi anpil

I thank you.
mwen remèsye ou.

I appreciate it.
Mwen apresye sa.
M apresye sa. (contracted)

I am very thankful.
Mwen gen anpil gratitid.

Thank God for you.
Mwen remèsye Bondye pou ou.

To thank or To say thanks
remèsye
or
di mèsi

I wanted to say thank you.
Mwen te vle di w mèsi.
or
Mwen te vle remèsye w.

How could I ever thank you?
Kòman pou'm ta remèsye w?

Thankful

Give thanks → Bay remèsiman.

I'm thankful for...
M'ap bay remèsiman pou...

I'm thankful for the life you gave us.
M'ap bay remèsiman pou lavi ou ban nou.

I'm thankful for my family.
M'ap bay remèsiman pou fanmi m.

A thankful heart is a happy heart.
Yon kè plen ak gratitid, se yon kè ki kontan.

Thank you for caring. A thousands thanks!

Thank you → mèsi
To thank (v.) remèsye
Thank you (n.) → remèsiman

Thank you for caring.
Mèsi pou atansyon ou.

A thousand thanks.
Mil mèsi.

I thank you.
Mwen remèsye w.

A thank you is not enough.
Yon remèsiman pa sifi.

How can I thank you?
Kijan pou m ta remèsye w?

I called to say thank you.
Mwen rele w pou m di w mèsi.

"These are" = Sa yo se...why is yo there?

"yo" is an indicator of the plural form.

bear with me please :)

examples:
liv la the book (singular)
liv yo the books (plural)

ti gason an the little boy (singular)
ti gason yo the little boys (plural)

kay sa this house (singular)
kay sa yo these houses (plural)

moun sa this person (singular)
moun sa yo these people (plural)

So...

Sa se kreyon mwen. → This is my pencil.
Sa yo se kreyon mwen → these are my pencils.

Sa se yon radyo. → This is a radio.
Sa yo se radyo. → These are radios.

Liv sa se pa m. → This book is mine.
Liv sa yo se pa m. → Those books are mine.

Mesye sa se frè m, → That guy is my brother.
Mesye sa yo se frè m. → Those guys are my brother.

Mwen renmen foto sa. → I like this picture.
Mwen renmen foto sa yo. → I like these pictures.

Mwen pa konprann mo sa. → I don't understand this word.
Mwen pa konprann mo sa yo. → I don't understand these words.

Was this helpful?


FYI:  The word "yo" just like the other Haitian Creole pronouns can be confusing. 
"Yo"  is the plural definite article → as in:  liv yo - the books
"yo" is the subject pronoun → as in:  Yo pale - they talk
"yo" is the object pronoun → as in:  Mwen renmen yo - I love them
"yo" is the possessive adjective → as in:  Sa se kay yo. - This is their house.

what does mesi booku mean

Merci beaucoup is French for Thank you very much.
The Haitian Creole equivalent is Mèsi anpil :)

how do you say, thanks daddy

Mèsi papi.
or
Mèsi papa.

That depends on the nickname you give to your dad.
Haitians call their dads: papa, pa, papi, pè, monpè

thank you brother i love you

Thank you brother, I love you.
Mèsi frè, mwen apresye ou.

Thank you my brother, I love you.
Mèsi frè m nan, mwen apresye ou.

how do you say thank the Lord?

Thank the Lord! (as in Praise the Lord!)
Mèsi Letènèl!
Mèsi Senyè!

Thank the Lord. (as in Give thanks to the Lord.)
Di Senyè a mèsi.
Di Bondye mèsi.
Di Letènèl mèsi

Thank you my friend

Thank you  my friend.
Mèsi zanmi mwen.
or
Mèsi zanmi m.