Saturday, June 23, 2012

Resi (in Creole)?


M'ap li liv la "Ti Prens Lan". M te li yon mo ki m pa ka konprann epitou m pa ka jwenn li nan Google Translate. Mo a se "resi"? Men li ye nan fraz li..."Lé m resi pale, m di l <> Éske ou kapab di m ki mo a vle di?


resi (a derivative of 'reyisi' to succeed) finally succeed at, to finally arrive, to succeed, to manage, to finally make it

1. Lè'm resi pale...
   When I finally spoke ...

2. Lè'm resi rive lakay mwen ...
   When I finally got home.

3. Nou resi jwenn sa nou t'ap chache a.
   We finally found what we were looking for.

4. Se pa pou dat m'ap jwe lotri!  M resi genyen!
    I've been playing the lottery for a long time.  I've finally won!

5. Apre anpil esè, nou te resi soti anndan twou a.
    After many tries, we finally got out of the hole.

6.  Eske w te resi jwenn manman elèv la?
     Were you able to finally reach the student's mother?


Haitian Creole ↔ English Reference (a work in progress at this time)

No comments:

Post a Comment