Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Showing posts with label from. Show all posts
Showing posts with label from. Show all posts

Mwen moun...., Ou moun kibò? explain...

Mwen moun ...
I am from....

Where are you from?
you can ask that, using moun, different ways:
Kibò ou moun?
Ki kote ou moun?
Se moun kibò ou ye?

-Ou moun kibò?
-Mwen se moun Gonayiv.
-Where are you from?
-I'm from Gonayiv.


-Se moun kibò ou ye?
-Moun New Jersey wi
-Where are you originally from?
-from New Jersey.

Mwen pa moun isit. 
or
Mwen pa moun isi.
I'm not from here.

Mwen pa moun bò isit. Mwen se moun nan nò.
I'm not from around here. I am from the north.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

Preposition FROM → Sot; Depi; Nan Men or Nan; a, ak, avè,or avèk




Download link for this audio:
  
To listen to this audio, press the play button and follow along :)


Mezanmi, bonjou tout moun!  Kouman nou ye?
Hello everyone!  How are you?

FROM → Sòti; nan men or nan; depi; a, ak, avè or avèk; and more...

"From" an origin, place, position → Soti

1. Mwen SOTI Ayiti.
    I’m originally FROM Haiti.

2. Li te marye ak yon nèg ki SOTI New York.
    She married a man who's  FROM New York.

3. Li SOTI nan yon fanmi ki rich.
    He's FROM a wealthy family.

4. Li te fè gato a ak wonm KI SOTI Jamayik.
    He made the cake with rum FROM Jamaica.

5. Papiyon an t’ap vole SOTI NAN yon chanm ale nan yon lòt.
    The butterfly was frolicking FROM one room to the other.

"From" a point in space where an action started, or is to be started → Depi

6. DEPI isit la jouk laba a
    FROM here to there

7. Nou te travay DEPI solèy leve jouk solèy kouche.
    We worked FROM sunrise to sunset.

8. Mwen te abite la DEPI 2005 jouk 2010.
     I lived there FROM 2005 until 2010.

9. DEPI a senkan, li te konnen li te vle vin yon aktè.
    FROM the age of five, he knew he wanted to become an actor.


"From" someone or something (an action of separation, removal, taking away, or giving away) → Nan Men or Nan

10. Mwen te wete kouto a NAN MEN l.
     I took the knife FROM him.

11. Li te resevwa yon kado NAN MEN papa l.
     He received a gift FROM his dad.

12. Li te prete $10 NAN MEN nou.
     He borrowed $10 FROM us.

13. Tout sa mwen konnen, mwen te aprann NAN MEN yo.
      Everything I know, I learned FROM them.

14. Li te retire ze a NAN chapo a, e li te mete l nan pòch li.
     He took the egg FROM the hat and put it in his pocket.

15. Li te retire rad yo NAN malèt la, epi li te ban mwen yo.
     He took the clothes FROM the suitcase and he gave them to me.


Different From, made from(Indicating differences between people, things) → Ak, avè, avèk

17. Pa’l la DIFERAN AK pa’m nan.
     His/hers is DIFFERENT FROM mine.

18. Kabann nan te fèt AK bwa kajou.
     The bed was made FROM mahogany wood.

19. Boutèy sa a fèt AK materyèl resiklaj.
     This bottle is made FROM recycled materials.

20. M’ap soufri AK yon maltèt depi maten.
I've been suffering FROM a headache since this morning.

21. L’ap soufri AK chagren.
     She’s suffering FROM a broken heart.

Se te tout. Mèsi e n'a wè.
That was all.  Thank you and see ya.

Track: Yo by Beethova Obas and Jocelyne Berouard
Lyrics:
Yon ti jès pou yo
Yon tandrès pou yo
Yon favè pou yo
Yon lonè pou yo
Yon zepòl pou yo
Yon pawòl pou yo
Yon respè pou yo
Libète pou yo

How to say, "What City are you from?" or "What city did you live in?"

What city are you from?
Nan ki vil ou sòti?
or
Nan ki vil ou te fèt?


What city do you live in?
Nan ki vil ou abite?

Exercise 31 - Going Places - Part 1

Did you know that Ki bò and ki kote mean the same thing?

ki bò? - where?
ki kote? - where?

Ki kote ou rete? - Where do you live?
Ki bò ou te fèt? - Where were you born?

Ki kote ou soti? - Where do you come from?
Ki bò ou soti? - Where do you come from?

Ki kote ou te fèt? - Where are you from?
Ki bò ou moun? - Where are you from?

Ki kote ou prale? - Where are you going?
Ki kote Joe prale? - Where is Joe going?
Ki bò nou prale? - Where are we going?

Nan ki vil ou soti? Which/what city are you from?
Nan ki eta ou soti? Which/what state are you from?
Nan ki peyi ou soti? Which/what country are you from?
________________________________________________________
Check out these sentences. See how the prepositions in, from, at are omitted.

I live in Florida - Mwen rete Florida

I come from Haiti - Mwen soti Ayiti

I was born in Port-Au-Prince - Mwen te fèt Port-Au-Prince

My mom was born at Arcahaie - Manman-m te fèt Arcahaie
._________________________________________________________

To do a review on asking questions check out lessons 26 and 27 of the May 2010 blog.

Now that you know how to ask and answer to the question "Where", let's do some exercises!

And..., in order to have answers that you can check against mine, we'll use the following infomation:
Here it goes.

President Bill Clinton was born in Hope, Arkansas.
His daughter, Chelsea Clinton, was married in Rhinebeck, New York.
President George H. W. Bush was born on June 12, 1924 in Milton, Massachussets.
His son, president George W. Bush, was born in New Haven, Connecticut.
The Obamas are staying at the white house in Washington, D.C. at this time.
President John F. Kennedy was born in Brookline, Massachussetts and he was shot in Dallas, Texas.
Sadly his son was killed in a plane crash on his way to Massachussets.

Now, using the above information, answer the following questions (in Haitian Creole) with a complete sentence.

1. Ki kote Chelsea Clinton te marye?

2. Nan ki vil prezidan Clinton te fèt?

3. Ki bò prezidan George H. W. Bush te fèt?

4. Nan ki peyi George W. Bush te fèt?

5. Ki bò prezidan Bill Clinton moun?

6. Nan ki eta yo te tire prezidan John F. Kennedy?

7. Nan ki vil prezidan John F. Kennedy te fèt?

8. Ki kote Obama yo rete?

9. Ki bò JFK Jr ta prale lè li te mouri?

10. Nan ki eta New Haven ye?

ALSO,
Questions to you: Please answer the next five questions pertaining to you.

1. Nan ki vil ou te fèt?

2. Ki kote ou moun?

3. Ki bò papa ou moun?

4. Nan ki eta ou rete?

5. Ki kote ou ta renmen rete?