Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Sunday, February 26, 2017

Mèsi Frantz François


1.
Pi bon zanmi m se Jezi,
Amou I si gran, si vre;
Janmen Li abandonen m
Nan tout sa m ape fè.
Souvan mwen fè l lapenn nan vi m;
Pou mwen li bon Sovè;
Lè m repanti, li padonen m;
AIò mwen gen lapè.

Kè:
Pi bon zanmi mwen sou latè, se Jezi,
Pi bon zanmi mwen sou latèse Jezi,
Li lave peche m pou l mennen m nan syèl;
Amou Jezi si bèl.

2.
Pafwa syèl mwen plen ak nuaj,
Tout chemen mwen fè nwa,
Fas li kache ak lonbraj
Lè mwen pa gen lafwa.
Nan lamou li priye pou mwen,
Kè mwen vin soulaje
Paske li wete tout chagren;
Tout lapenn mwen ale.

3.
Mwen vle chante amou li,
Amou Jezi pou mwen,
Bonte I, fidelite li,
Pou yon pechè kon mwen.
Kouman m kapab remèsye li
Pou amou l anvè mwen?
Se pou m renmen l e sèvi li,
Suiv li pre, janmen lwen. 

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment