Se yon chan jwaye
Yon nouvèl glorye
Nanpwen lòt kòm li
Nan lemmon antye
Mwen renmen chante l
E m'ap pwoklame l
Bondye nou kapab
Ba ou la delivrans
Kè:
Se Bondye ki kapab delivre
Se li sèl ki toujou delivre
Tout fado peche sou li depoze
Paske Bondye nou
K'ap bay la delivrans
Moun ki vle vini
Pa dwe janm mize
Pòt la byen ouvè
Pou l kapab antre
Kris se chemen, la verite, lavi
Bondye nou kapab ba ou la delivrans
Se yon chan jwaye
Pwoklame l byen lwen
Pou tout aflije anba chaj peche
Kapab resevwa padon pa la fwa
Bondye nou kapab
Ba ou la delivrans
No comments:
Post a Comment