Pou koumanse, li sanble ou annafè avèk yon moun ki sot bò zòn Nò yo.... Okap petèt?
Dapre sa mwen konnen, Ayisyen akeyi e asepte varyete rejyonal ak endividyèl lang Kreyòl la, sitou nan pwezi ak nan bèl kantik.
Si pou'm ta di'w li pa kòrèk, sa ta vle di ke nou dwe rasanble tout Ayisyen ki pale avèk yon aksan enpi aprann yo pale ak ekri tankou moun Pòtoprens.
Li ta bon anpil si ta genyen yon fòm estanda pou ekri chak mo, chak fraz, chak liy... Men si sa ta fèt, eske lang lan va toujou kenbe idantite yon lang KREYÒL?
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words