Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, March 5, 2012

Depi → since, once, as soon as, as long as, for....

Haitian Creole conjunction DEPI is used to translate Since, Since after, for how long, as soon as, as long as, if, because, etc...


Depi as Since...
1. M’ap tann ou depi  ganm maten.
    I’ve been waiting for you since early this morning.

2. Mwen pa wè yo depi samdi
    I hadn’t seen them since Saturday

3. Ane pase Toto ak Fifi te mare yon gwo goumen.  Depi lè sa youn pa janm pale ak lòt
    Last year Toto and Fifi had a big fight.  Since that time they never talked.

4. Semèn pase mwen te wè yon sourit nan kizin nan.  Depi jou sa mwen pa mete pye la!
    Last week I saw a mouse in the kitchen.  I haven't set foot in there since that day!


Depi as From...
5. Le dimanch, magazen an ouvè depi onzè nan maten jouk senkè nan apremidi.
    On Sundays, the store's open from eleven in the morning until five in the afternoon.


6.  Pou devwa nou aswè a, nou va li depi paj douz jouk paj ven.
     For your homework tonight, you will read from page twelve to page twenty.

Depi as for how long...
5. Depi kilè ou la?
    Since when have you been here?


6. Depi ki jou ou te wè yo?
    Since what day did you see them?

7. Depi konbyen jou ou konsa?
    For how many days have you been like this?

8. Depi konbyen tan w’ap touse?
    For how long have you been coughing?


Depi as Once
9. Depi jij la parèt nan tribinal la, tout moun dwe kanpe.
    Once the judge enters the courtroom, every one must stand.

10. Depi ou pase estasyon gazolin, ou preske rive
     Once you pass the gas station, you almost there

11. Depi sezon  lapli a koumanse, mwen etenn tou awozwa yo.
     Once the rainy season starts, I turn off all sprinklers

12. Depi nou kwè, n’ap wè glwa Bondye
      Once you believe, you will see the glory of God.


Depi as if, or as long as....
13. Depi se ou k di, nou kwè w.
      If you say so,  we believe you

14. Depi nou genyen jwèt la, nou prale nan konpetisyon  final la
      If we win the game, we’ll go to the final competition

15. Depi pa gen fanm, pa gen kriye
     If there’s no women, there’s no cry
     Did Bob Marley say that :)

16.  Depi ou dakò sou pri a, n’a koumanse travay la.
      As long as you agree on the price, we’ll start the job.

17. Depi ou pa sonnen sonnèt la, chen yo p'ap jape.
     As long as you don’t ring the bell the dogs won't bark.



Depi as Based on...
18. Depi sou fason doktè a te gade mwen, mwen te konnen bagay yo te mal.
     Judging from the way he looked at me, I knew things were bad.

19.  Depi sou jan li abiye, nou te konprann li te yon moun pòv.
       Judging from the way she dressed, we could tell she was poor.


No comments:

Post a Comment