Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, July 21, 2012

Mandaly, do you know the song "Fe mwen gras Senye?" It's on youtube. I LOVE this song, but can't understand all the lyrics in Creole. Could you please write the for me?


Titled AWOZE"M ?

Malgre fwa nou nan Bondye
In spite of our faith in God
Lennmi an vle fè nou doute
The enemy wants to make us doubt
Li simen move grenn nan mitan’n,  pou’n pa grandi
He sows bad seeds among us,  so we don’t grow
Ann woule nan pye Bondye
Let’s roll at the feet of God
Yon jou nou va pot fwi
One day we will produce fruits

Genyen asirans pou tout moun ki nan Bondye
There’s assurance for everyone who’s in God
Li vrè,  lavi sa pa ka fè nou pè anyen
It’s true, this life should not have us running scared
Bagay sa yo se pou de jou yo egziste
Those things will only last a couple of days
Mèt jaden an gen pou l vini sekle’l
The one in charge of the garden will come to weed it out

Tout semans sa yo ki pa pwofite grandi
All the seeds that did not grow
Yon jou Bondye ap vini pou’l separe yo
One day God will come to put them apart
Tout sa ki anpeche semans lan pwogrese
All these that prevent the harvest to progress
Li va mete dife sou yo
He will burn them

Fè mwen gras senyè
Have pity on me / Give me your grace Lord
Pou’m pa yon livrè
So that I’m not one who spoil the harvest
Ede’m pou m toujou rete kote ou
Help me to stay near you
Awoze’m Senyè ak Sentespri ou
Irrigate me Lord with your Holy Spirit
Bon move tan
Good & bad times
Fè’m bay bon fwi
Make me produce good fruits

M’pap janm bliye parabòl  talan yo
I cannot forget the parable of the talents
Ke sevitè a, li te pataje an twa (3)
That the servant, he divided in three
Premye a te jwenn senk (5), e li te fè yo tounen dis (10)
The first one received five, and turned them into ten
Dezyèm nan te jwenn de (2), e li te fè yo tounen kat (4)
The second one received two, and he turned them into four
Twazyèm nan sèlman youn, e pa’l la te rete menm jan
The third one got one, but his remained the same

Men sevitè a te vin kase tèt tounen
But the servant returned
Premye a te jwenn yon bon rekonpans nan men’l
The first one was compensated
Dezyèm nan te  vin parèt e l’te satisfè
The second had satisfying results
E twazyèm nan te soti wont
And the third one was put to shame


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment