Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Wednesday, January 30, 2013

m pa konprann vwazinaj nan peyi Ayiti. yo toujou konnen tout sa ki ap pase lakay ou. mwen pa renmen kan yo ap poze kesyon sou zafe pesonel ki ap pase lakay mwne.

Sa rive senpleman paske anpil nan kay yo kole kole youn ak lòt. Se sa ki lakòz yo tande lè asyèt ap fè kenken lakay ou.  Konsa tou, yo konn tande si se luil w'ap fri onswa si se dlo w'ap bouyi.  Si w'ap fri luil, sa vle di w'ap manje gra.  Men si w'ap bouyi dlo, sa vle di zafè w pa bon ;)  Anmweyy o!
Nou pa kapab ede sa. Vwazinay ou sanse chita nan salon lakay ou.

Sa fè gran diferans ak moun ki jouda anpil... moun k'ap chache konnen koze w ak zafè w.  Moun sa yo se kansè.  Yo rantre lakay ou piti a piti.  Anvan ou gentan reyalize sa, ou wè se yo menm k'ap dirije kay la.  Se yo ki leve w lematen pou w'al travay, se yo ki mennen ti moun ou lekòl, se yo ki di w ki manje pou w kuit, e se yo ki kouche ak madanm ou oubyen mari w pou ou :)  Sa'k pi mal la, yo mache pale zafè w nan tout lari.
Moun konsa, ou dwe mete barikad pou yo depi anvan yo janbe baryè lakou w.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

4 comments: