Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Wednesday, July 1, 2015

Mwen pral fe yon kout bravoute,depi 15 ans mwen renmen li. Mwen ekri anpl poem pou li.Mwen pral file on dame.yo di tout brav nan simitye. Mwen pral fe yon kout Capois Lamort. Mwen vle ekri li nan blog sa pou l ka we li. Eske ou kapab pibliye poem mwen?

Bonjou zanmi, mwen resevwa kesyon ou plizyè fwa , men mwen pa te resevwa powèm ou an. Sanble ou vle fè yon deklarayon piblik pou yon fanm. 
Kenz (15) an se pa de (2) jou. Si w ap file yon fanm, file l pou w fini ak sa! M pa kwè medam yo renmen gason ki pa gen aksyon sou yo. 
Selon sa m konprann, ou toujou ekri powèm pou li, men ou poko janm file l dirèkteman?

Premyèman, file yon fanm pa gen kesyon brav ladan l. Sèlsi ta genyen yon obstak kòmkwa fanmi l pa ta dakò, pa gen “Kapwa Lamò” nan koze konsa.  
Mwen swete w bòn chans :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment