Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Sunday, February 7, 2016

Pitit fi mwen, se pou w aprann tande lè yo pale ou.

Thank you Willeen for sending in this beautiful poem:

Pitit fi mwen, se pou w aprann tande lè yo pale ou. 

Avanse pi pre, pou m bay de twa ti koze 
  
Met zorèy ou byen fen pou w tande lè yo pale ou.  
                  
Depi m te tou piti maman m te pase m mesaj sa a tou.      
   
Pawòl sa yo te toujou nan tèt mwen, yo te ede m pase tout gè katòz
                                     
Y ava itil ou pou w pase nan pikan, pou w manje tout kalite zèb...   

E lè w di vwazinaj yo lonè, y ava toujou reponn repè pou ou. 

Pitit fi mwen, se pou w aprann tande lè yo pale ou. 
    
      
Ou gen yon trezò nan men w pitit mwen, w ale lekòl toulejou. 

Se vre chimen an pa fasil e li chaje gèp panèl. 

Men fò w ou toujou sonje... 

Apre bondye, se li k manman w, se li k zanmi w, se li k manje w,  e se li k tout ou. 

Se pou w renmen li, anbrase li, ancheri li, ba li tout nanm ou. 

Paske tout kote w ap pase, se li k ap akonpaye w. 

Angle, franse, panyòl, doktè, agronòm, pwofesè ,..

Yo tout se li. Pitit fi mwen toujou koute lè yo pale ou.   

                       
Jodia dan pouri gen fòs sou bannann mi, 

Pa solèy leve sou ou pitit di m, lanati va ban m rezon sou ou . 

W ava bezwen pran yon tèt zegui nan on chan mayi. ou p ap trouve li.    

Lamizè gen gou anmè, soufrans san konfyans se kraze nana. 

Men paske ou te tande m, lanati va louvri bra l pou ou, 

Zetwal va bat bravo pou ou, 

Linivè va kontan paske ou te ede l. 

Pitit fi mwen...lavi mwen...koute lè yo pale ou.

By Willeen (2016)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments:

  1. Can you translate this please? I want to understand everything

    ReplyDelete
  2. This comment has been removed by the author.

    ReplyDelete