Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Friday, September 23, 2011

do Haitian kids know how to play Rock, Paper, Scissors? Would you translate instructions for this simple game...

No they wouldn't know.  It's not a popularly known game in Haiti.
Here are the rules of the game in Haitian Creole.

Rock, Paper, Scissors.
Wòch Papye Sizo
Anpil timoun jwe jwèt sa a pou detèmine kilès kap gen priyorite.  Ou gen dwa jwe li pou konnen kilès kap kanpe devan nan yon lin, kilès kap chita devan machin nan, kilès ki premye ap jwenn yon bagay.


Goal of the game
Bi Jwèt la
Jwèt Wòch Papye Sizo a gen twa eleman.
Bi jwèt la se pou yon jwè chwazi yon eleman (wòch, papye, oswa sizo) ki ka koule eleman lòt jwè a.

To play the game:
Pou Jwe Jwèt la:
Pou jwe jwèt la, de jwè dwe kanpe fasafas. De jwè yo dwe chwazi ak ki men y’ap jwe, men goch oswa men dwat. Epi de jwè yo dwe fè yon pwen avèk men sa a.

Gameplay
Jwèt la
Jwè yo dwe kòmanse ansanm. Yo kapab konte sou twa pou yo kòmanse ansanm.
Jwèt la kòmanse ak: en, de, twa.
Jwè yo kenbe pwen yo youn anfas lòt. Epi yo fè yon monte desann pwen yo tankou se kafe yap pile pandan y’ap di ansanm, “Wòch, Papye, Sizo! … ale!”
Menm kote yo di “ale” a, chak jwè yo fè yon fòm eleman an ak pwen yo.

Fòm wòch la se yon pwen.
Fòm Sizo a se yon pwen ak dwèt indèks la e dwèt majè a pwente tankou yon sizo.
Fòm Papye a se yon men plat, tankou si ou tap bay lanmen.

Who wins
Ki moun ki genyen
Wòch ka kraze Sizo. Sa vle di Wòch bat Sizo
Sizo ka koupe Papye. Sa vle di Sizo bat Papye
Papye ka kouvri Wòch. Sa vle di Papye bat Wòch


Example:
Pa egzanp:
Lè de jwè yo di “ale!” a, si yon jwè fè fòm Papye e yon jwè fè fòm Wòch, se jwè ki fè fòm Papye a ki genyen.
E si yon jwè fè fòm Papye e lòt la fè fòm Sizo, se jwè ki fè fòm Sizo a ki genyen.

If both players choose the same item
Si tou de jwè yo chwazi menm eleman
Si tou de jwè yo chwazi menm eleman an nan yon jwèt, rekòmanse ankò jiskaske gen yon jwè ki genyen.

Bònn Chans!

No comments:

Post a Comment